Retounen sou paj sa a : https://access.nyc.gov/ht/programs/women-infants-and-children-wic/
Manje ki bon pou lasante pou fanmi yo
Pwogram Nistrisyon Siplemantè Espesyal Pou Fanm, Tibebe, ak Timoun (WIC) | Depatman Sante Eta New York (NYS Department of Health, NYSDOH)
1. Kijan li mache
WIC bay fanm ki gen ti revni yo ak pitit yo manje ki bon pou lasante ak sèvis gratis, tankou konsèy nan zafè nitrisyon, sipò pou bay tete, edikasyon sou sante, epi li refere yo bay lòt pwogram ak sèvis.
- Pèsonèl WIC la ap pale ak ou epi detèmine ki pake manje ki bon pou ou ak pitit ou yo.
- Gid WIC pou Manje ki Akseptab pou Eta New York enimere manje ou kapab achte gras ak WIC.
- Patisipan NYS WIC yo kapab achte manje avèk yon kat Transfè Elektwonik Avantaj ki rele eWIC. Li tankou yon kat debi epi li fasilite acha manje pou fanmi WIC yo.
- Ou dwe achte manje nan magazen ki aksepte WIC yo.
- Si w chwazi pa bay tete, yo ap bay tibebe w la youn nan fòmil ki sou lis Fòmil WIC Apwouve nan Eta New York la.
- Ou pa bezwen se yon sitwayen ameriken pou w resevwa WIC.
Pwochen seksyon:
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Vizite sitwèb WIC la pou aprann plis.
Rele 311
Mande pou Pwogram Nistrisyon Siplemantè Espesyal Pou Fanm, Tibebe, ak Timoun (WIC).
Rele Liy Dirèk Growing Up Healthy a
Rele 800-522-5006 pou plis enfòmasyon sou WIC.
Vizite yon biwo
Chèche yon biwo WIC tou pre ou pou jwenn èd fas-a-fas.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Ou menm oswa pitit ou a gendwa elijib si ou kapab reponn ”wi” pou kesyon sa yo:
- Èske w youn nan sa yo?
- ansent
- manman yon tibebe ki gen jiska sis (6) mwa
- yon manman ki ap bay tete ki gen yon tibebe ki gen jiska 12 mwa
- paran oswa moun ki ap okipe yon timoun ki gen jiska senk (5) lane
- Èske ou ap viv nan Eta New York?
Si w deja konn resevwa avantaj SNAP, MEDICAID, oswa TANF, ou gendwa elijib pou w resevwa WIC.
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Li enpòtan pou ou mete bon dokiman yo lè w ap aplike. Dokiman yo montre si pwogram yo apwopriye pou ou ou pa.
Paj sa a kapab ede ou chwazi dokiman ki apwopriye pou aplikasyon ou a.
Prèv kiyès ou ye
Pou chak moun kap aplike, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Lisans chofè/Idantifikasyon Ofisyèl ak Foto
- Batistè
- Kat idantite travay ak foto
- Paspò
- Kat Sekirite Sosyal pou Depandan
- Kat Sekirite Sosyal oswa ITIN
- Kat Medicaid
- Dosye nesans ofisyèl
- Dosye Ofisyèl Lekòl
- Dosye Adopsyon
- Sètifika batèm/oswa lòt sètifika relijye
- Kat Koupon pou Achte Manje ki gen foto
- Dosye Vaksinasyon (pou ti bebe ak timoun)
- Kat enskripsyon pou vote
- Fòmilè Referans Medikal WIC pou Ti bebe ak Timoun
Prèv kote w rete
Pou tout moun ki nan kay la, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Lisans chofè
- Kat Idantifikasyon ki gen adrès sou li
- Lèt/kontra fèm/resi lwaye ki resan e ki gen adrès lakay ou sou li e ke pwopriyetè kay la ba w
- Lèt yon ajans gouvènman ekri ki gen non ak adrès la sou li (li pa kapab genyen yon Bwat Postal sou li)
- Kat Medicaid
- Souch chèk ki montre adrès kay ou
- Anvlòp, kat postal, oswa etikèt magazin ki gen so lapòs la sou li avèk non epi dat la (ou pa kapab itilize l si se nan yon Bwat Postal yo voye l)
- Bòdwo Sèvis Piblik (gaz, kouran, dlo)
- Fòm Referans Medikal WIC
Prèv sou Revni Tout Moun nan Kay la touche
Pou chak sous revni pou chak moun ki touche revni, nenpòt nan dokiman sa yo:
Lajan w touche ak Salè
- W2
- Lèt patwon w lan ekri sou papye a antèt konpayi an, ki siyen e ki gen dat la sou li
- Deklarasyon revni (inkòm taks)
- Souch chèk pewòl (4 semenn konsekitif resan si salè a pa chanje. Si li chanje, se pou w bay 12 semenn souch chèk pewòl.)
Travay Endepandan
- Dosye revni ak depans
- Deklarasyon revni ki siyen e ki gen dat sou li ak tout tablo konplemantè yo (Orè yo)
Asistans Lajan Kash
- Lèt Bidjè pou Asistans Lajan Kash
Revni ki sot nan Lwaye oswa Lokasyon/Pansyon
- Lèt moun k ap lwe chanm lan, pansyonè a, lokatè a ekri
Peman bay Militè
- Souch chèk ki resan
- Deklarasyon Depa ak Revni (Leave and Eanings: LES)
Sipò pou Timoun/Pansyon Alimantè
- Lèt tribinal la ekri
- Lèt moun k ap bay sipò a ekri
Benefis Chomaj
- Lèt/sètifika benefis
- Korespondans Depatman Travay nan Leta Nouyòk (NYS Dept. of Labor) voye NYS
Avantaj Sekirite Sosyal (SSI, Depandan, Andikap, Sivivan, Retrèt)
- Korespondans ki soti nan biwo Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration)
- Lèt/sètifika benefis ki resan
Dedomajman pou Travayè
- Lèt benefis ki resan
Benefis pou Veteran
- Korespondans ki soti nan biwo Administrasyon Veteran (Veterans Administration)
- Lèt benefis ki resan
Pansyon/ Vèsman Anyèl/ Kont Pèsonèl pou Retrèt (IRA)
- Etadkont pou pansyon/vèsman anyèl
Enterè/Dividann/Redevans
- Etadkont labank, kredi inyon oswa yon enstitisyon finansyè
Sibvansyon/Prè pou Edikasyon
- Lèt benefis ki resan
Sipò ou resevwa nan men lòt Moun nan Fanmi w
- Deklarasyon oswa lèt yon moun k ap souni w sipò te ekri ak siyen
Prèv ou ansent
Pou chak moun ki ansent, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Yon sonogram date ki konfime gwosès la epi ki gen non manman an sou li
- Lèt doktè/pwofesyonèl medikal la ekri ki bay dat yo prevwa pou akouchman an
- Fòm evalyasyon pou detèmine kalifikasyon pou Medicaid prezime pwofesyonèl swen sante ou te ranpli ak siyen
- Fòm Referans Medikal WIC
Pwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike fas a fas
- Chèche ajans WIC lokal ou a, oswa rele Liy Dirèk Growing Up Healthy a nan 800-522-5006 epi mande pou kote ki pi pre w la.
- Rele ajans WIC kote w ta renmen resevwa sèvis yo epi pran yon randevou.
- Al gade nan dokiman achiv sa a pou w konnen sa pou w pote nan randevou ou an
- Ajans WIC lan ap di w si w ap gen bezwen vini ak Fòm Referans Medikal WIC sa a pwofesyonèl swen sante ou an ranpli.
- Si pitit ou a gen bezwen alimantè espesyal, pwofesyonèl swen sante ou an ka ba ou yon Fòm Papye Medikal ki ranpli pou w pote.
- Yon manm pèsonèl WIC ki kalifye ap fè yon evalyasyon kout pandan randevou w lan pou tout fanmi ki aplike pou WIC yo. Tès depistaj la gen ladan yon tès san nan pwent dwèt, wotè ak pwa, ak yon chita pale sou pwoblèm sante ak nitrisyon ou genyen.
- Chak moun ki aplike nan WIC dwe prezan nan ajans lokal lan nan moman konfimasyon an.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Vizite sitwèb la
Vizite sitwèb WIC la pou aprann plis.
Rele 311
Mande pou Pwogram Nistrisyon Siplemantè Espesyal Pou Fanm, Tibebe, ak Timoun (WIC).
Rele Liy Dirèk Growing Up Healthy a
Rele 800-522-5006 pou plis enfòmasyon sou WIC.
Vizite yon biwo
Chèche yon biwo WIC tou pre ou pou jwenn èd fas-a-fas.
Thank you for your feedback.
Something went wrong. Please try again later.