Sote kontni prensipal la

Lajan kach pa mwa a ede lè w nan bezwen

Èd Lajan Kach | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

Aplike oswa renouvle sou entènèt

Kijan li mache

Fanmi w ka jwenn lajan kach la si nou nan bezwen. Gen anpil fanmi ki jwenn kob la sou yon kat debi key o ka itilize nan ATM oswa nan magazen kote yo aksepte kat EBT. Gen kèk fanmi ki kalifye sèlman pou yo peye mèt kay la pou yo dirèkteman.

  • Ou dwe pwouve idantite w, kote w rete, ak revni ou.
  • Selon sitiyasyon w, ou kapab kalifye pou èd lajan kach la menmsi w pa yon sitwayen ameriken.
  • Si w kapab travay, ou dwe swa ap travay oswa w ap suiv yon pwogram edikasyon oswa fòmasyon, oubyen w ap patisipe nan yon pwogram yo te mande w pou w patisipe pou w ka jwenn lajan kach la. Si w gen 60 ane oswa plis, egzijans sa yo pa pou ou.

Detèmine pou kisa ou kalifye

Pwogram sa a egzamine plizyè bagay pou li deside si ou elijib. Men kèk ladan yo:

  • kantite kòb ou fè
  • kantite kòb ou resevwa gras ak avantaj
  • Konbyen moun k ap viv lakay ou
  • Resous tankou lajan kach ak kont labank

Sa ou bezwen mete

Pou w aplike pou lajan kach w ap bezwen pwouve bagay sa yo:

  • Idantite ou: tankou yon kat Idantifikasyon ak foto, lisans chofè, paspò, sètifika natiralizasyon oswa dosye lopital.
  • Kote w ap viv: tankou yon deklarasyon nan men mèt kay la, resi lwaye resan, kontra lwaye oswa dosye ipotèk.
  • Revni w (si w genyen): tankou yon kanè ki gen revni w nan moman an, papye biznis, deklarasyon enpo sou revni w nan moman an, oubyen yon dokiman asirans benefis pou moun ki pap travay.

Gade gid dokiman lajan kach la pou w wè ki lòt bagay ou ka itilize kòm prèv.


Kijan pou ou aplike


Plis enfòmasyon

Ale sou sit entènèt la

Ale sou sit entènèt Èd Lajan Kach la pou w jwenn plis enfòmasyon sou pwogram sa a.

Rele 311

Mande Èd Lajan Kach

Rele Liy Enfòmasyon Administrasyon Resouzmèn (HRA) a

Rele Liy Enfòmasyon HRA a nan 718-557-1399 pou jwenn plis enfòmasyon


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated December 14, 2023

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.