Pou kalifye, ou pral bezwen reponn ak kritè revni sa yo pou benefisye yon prè HomeFirst:
Ou dwe reponn ak tout kritè sa yo:
- Ou se yon Moun k ap achte Kay pou Premye Fwa.
- Sa vle di ou pa kapab posede yon kay twa (3) lane avan w achte yon kay ansanm ak yon prè HomeFirst.
- Kritè sa a pa valab pou veteran militè Ameriken ki posede yon DD-214, ki konfime bonjan sèvis yo te bay.
- Bay papye ki kapab pèmèt yo verifye si fanmi an gen yon revni.
- Sa gen ladan li deklarasyon taks, souch chèk, deklarasyon pwofi ak pèt, oswa lòt papye.
- Konplete yon kou edikasyon pou moun k ap achte kay yon ajans konsiltasyon HPD apwouve bay.
- Peye yon pati nan peman inisyal la oswa frè fèmti yo.
- Resevwa yon ipotèk nan yon bank kote prè yo se yon ajans federal oswa eta a regilarize. Pou resevwa yon ipotèk, w ap bezwen:
- yon dosye travay, epi
- resous finansyè ak kredi k ap sifi
- Achte yon kay 1-4 chanm a kouche, apatman kolektif, oswa condominium.
- Li dwe nan senk (5) awondisman Vil New York yo.
- Pri acha a dwe rete nan limit yo apwouve a.
- Kay lan dwe pase yon enspeksyon pou lojman ki sètifye kay lan pa gen pwoblèm pou viv ladan li.
- Viv nan kay lan antanke rezidans prensipal ou. Selon montan prè a, ou dwe viv nan kay lan pou omwen:
- 10 lane pou prè ki pi piti oswa egal ak $40,000
- 15 lane pou prè ki depase $40,000.