Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Prè ou p ap bezwen ranbouse pou peman inisyal ak depans fèmti yo

Asistans Peman Inisyal HomeFirst | NYC Konsèvasyon ak Devlopman Lojman (NYC Housing Preservation and Development, HPD)

1. Kijan li mache

HomeFirst bay moun k ap achte kay ki kalifye yo jiska $100,000 pou peman inisyal oswa frè fèmti pou yon kay.

  • Ou kapab itilize prè HomeFirst lan pou kay ki gen 1-4 chanm a kouche, condominium, oswa apatman kolektif.
    • Ou dwe achte nan youn nan senk (5) awondisman Vil New York yo.
    • Prè a ap peye jiska 50% nan peman inisyal lan epi jiska 100% nan depans fèmti a, selon kèk restriksyon.
    • Pou itilize prè a, gen restriksyon nan pri y ap vann pwopriyete a.
  • Pou resevwa yon prè HomeFirst, ou dwe reponn ak kritè kalifikasyon yo sitou limit revni yo ak plis toujou.
    • Ou pral gen bezwen jwenn yon ipotèk nan men yon Kreditè HomeFirst ki aktif.
  • Ou kapab resevwa èd lè w ap aplike pou yon prè HomeFirst bò kote yon Ajans Konsiltasyon ki nan youn nan senk (5) awondisman yo. Konseye yo kapab:
    • enskri ou nan yon kou Edikasyon pou Moun k ap achte Kay epi ba ou sètifika ki di ou fini ak li.
    • sètifye kalifikasyon revni.
    • ba ou konsèy sou kritè pwogram yo.
    • refere ou bay kreditè aktif pou yon otorizasyon davans.
  • Ou p ap bezwen ranbouse prè yo si ou respekte kèk kritè.
  • Verifye tout kritè prè HomeFirst yo.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou kalifye, ou pral bezwen reponn ak kritè revni sa yo pou benefisye yon prè HomeFirst:

Kantite moun kay la genyen: Revni Maksimòm Fanmi an (80% AMI)
1 $66,850
2 $76,400
3 $85,950
4 $95,450
5 $103,100
6 $110,750
7 $118,400
8 $126,000

Ou dwe reponn ak tout kritè sa yo:

  1. Ou se yon Moun k ap achte Kay pou Premye Fwa.
    • Sa vle di ou pa kapab posede yon kay twa (3) lane avan w achte yon kay ansanm ak yon prè HomeFirst.
    • Kritè sa a pa valab pou veteran militè Ameriken ki posede yon DD-214, ki konfime bonjan sèvis yo te bay.
  2. Bay papye ki kapab pèmèt yo verifye si fanmi an gen yon revni.
    • Sa gen ladan li deklarasyon taks, souch chèk, deklarasyon pwofi ak pèt, oswa lòt papye.
  3. Konplete yon kou edikasyon pou moun k ap achte kay yon ajans konsiltasyon HPD apwouve bay.
  4. Peye yon pati nan peman inisyal la oswa frè fèmti yo.
  5. Resevwa yon ipotèk nan yon bank kote prè yo se yon ajans federal oswa eta a regilarize. Pou resevwa yon ipotèk, w ap bezwen:
    • yon dosye travay, epi
    • resous finansyè ak kredi k ap sifi
  6. Achte yon kay 1-4 chanm a kouche, apatman kolektif, oswa condominium.
    • Li dwe nan senk (5) awondisman Vil New York yo.
    • Pri acha a dwe rete nan limit yo apwouve a.
    • Kay lan dwe pase yon enspeksyon pou lojman ki sètifye kay lan pa gen pwoblèm pou viv ladan li.
  7. Viv nan kay lan antanke rezidans prensipal ou. Selon montan prè a, ou dwe viv nan kay lan pou omwen:
    • 10 lane pou prè ki pi piti oswa egal ak $40,000
    • 15 lane pou prè ki depase $40,000.

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Ou pral gen bezwen montre:

  • Prèv revni (deklarasyon taks, souch chèk, deklarasyon pwofi ak pèt, oswa lòt papye ki konfime revni ou).
  • Dosye travay
  • Prèv resous finansyè ak kredi k ap sifi

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

  1. Kontakte yon Ajans Konsiltasyon pou kòmanse ak pwosesis pou resevwa yon prè nan men HomeFirst. Jwenn yon konseye ki toupre lakay ou. Desann jiska “Ajans Konsiltasyon” (Counseling Agencies) ki nan lis la
  2. Konseye a pral ede verifye kalifikasyon ou nan Pwogram Asistans Peman Inisyal HomeFirst lan.
  3. Ou pral gen bezwen fini ak kou Edikasyon pou Moun k ap achte Kay an tou. Apresa ou pral resevwa yon sètifika k ap konfime si w kapab resevwa prè HomeFirst lan.

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Vizite sitwèb la

Pou jwenn plis enfòmasyon sou Pwogram Asistans Peman Inisyal HomeFirst lan.

Li Tèm pou resevwa yon prè nan men HomeFirst.

Last Updated Tuesday, November 9th, 11:48am

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.