Sant akèy pou moun ki san abri ap ede w evite vin san abri epi bay abri tanporè lè sa nesesè. Yon fwa ou nan lojman an, ou ap bezwen:
- Devlope yon plan pou w deplase nan yon lojman pèmanan
- Aplike epi kenbe kalifikasyon pou Asistans Piblik
- Jwenn epi fè yon travay si ou kapab travay
- Suiv règleman lojman yo
Sant Drop-In (DIC) ap ede w kite lavi nan lari a ak sèvis sa yo:
- Manje cho ak rad
- Douch ak enstalasyon lesiv piblik
- Konsiltasyon, jesyon dosye, ak koneksyon ak sèvis swen sante
- Èd pou chèche travay epi pou aplike pou avantaj
- Opsyon lojman tranzisyonèl
Estati imigrasyon ou pa afekte kapasite ou pou jwenn sèvis sa yo. Gen entèprèt disponib si ou pa pale Anglè.