Sote kontni prensipal la
Lojman

Sèvis ak lojman pou sanzabri

Fwaye Akèy pou Sanzabri ak Sant Vizit Lib (DICs) | NYC Depatman Sèvis pou Sanzabri (NYC Department of Homeless Services, DHS)

1. Kijan li mache

Si ou se yon sanzabri oswa ou gen pwoblèm lojman, ou kapab aplike pou abri oswa jwenn èd pou kapab evite ale nan lojmanm.

  • Sant Akèy pou Sanzabri ofri sèvis pou ede ou evite sanzabri, ak lojman tanporè kòm dènye rekou. Yon fwa ou nan lojman an, ou ap bezwen:
    • devlope yon plan pou kite lojman epi pou ale viv nan yon kay.
    • aplike epi kenbe kalifikasyon pou Asistans Piblik
    • chèche epi rete nan yon travay si ou kapab travay
    • suiv règleman lojman yo
  • Sant Vizit Lib pou Sanzabri (Drop-In Homeless, DICs) ofri sèvis pou ede ou sorti nan lari an tankou:
    • manje cho ak rad
    • douch ak enstalasyon lesiv piblik
    • konsèy, sèvis jesyon ka, ak koneksyon pou swen sante, ki genyen ladan swen medikal
    • ede jwenn yon travay oswa aplike pou avantaj yo
    • ede jwenn opsyon pou lojman tranzisyonèl pou tèt ou si w chwazi sa
  • Yo pa konsidere estati imigrasyon lè prale nan Sant Akèy pou Sanzabri.
  • Asistans entèprèt disponib si ou pa pale angle.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou kapab konnen si ou kalifye pou yon lojman, vizite yon sant akèy. Travayè yo pral fè entèvyou ak ou sou sitiyasyon w ap viv pou yo wè si ou kalifye pou lojman. Nan kèk ka, travayè yo ta kapab ofri ou sèvis pou ede ou evite lojman.

Sant vizit lib sanzabri yo disponib pou tout moun.

Pwochen seksyon:

3. Sa ou Bezwen Mete

3. Sa ou bezwen mete

Sa yo se dokiman ou ap bezwen:

Fanmi ki genyen timoun ki poko gen 21 lane, fanm ansent oswa fanmi ki gen fanm ansent

Lè ou pral nan sant akèy la, ou dwe gen kat idantifikasyon pou tout manm lakay ou tankou:

  • Nenpòt fòm Idantifikasyon ki genyen yon foto ak prèv laj, tankou yon kat idantifikasyon byennèt, kat vèt, lisans paspò oswa viza, oswa foto kat travay.
  • Sètifika nesans
  • Kat Sekirite Sosyal
  • Kat Medicaid
  • Kat idantite nan Sistèm Asistans Piblik la
  • Si w ap travay, souch peman ki pi resan

Fanmi travayè yo disponib nan san akèy PATH la pou ede jwenn enfòmasyon ak dokiman ou bò kote ajans gouvènman yo.

Fanmi Adilt (ki pa gen timoun ki gen mwens pase 21 lane)

Adilt ki selibatè (18 lane oswa plis)

Pwochen seksyon:

4. Kouman pou aplike

4. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike fas a fas

Pou aplike pou lojman, ou ap bezwen ale nan yon sant akèy an premye. Asire w ou ale nan bon sant akèy la sa pral depann sou laj oswa sitiyasyon familyal ou. Sant akèy yo louvri 24/7, san wete jou konje yo. Mache ak dokiman ou yo.

Adilt gason ki selibatè (18 oswa plis lane)

30th Street Sant Akèy (Intake Center) Pou Gason yo
400-430 East 30th Street (nan 1st Avenue), New York, NY 10016

Adilt Fi ki Selibatè (18 oswa plis lane)

Abri Franklin (Franklin Shelter) pou Fi
1122 Franklin Avenue
Bronx, NY 10456
929-281-2330

Fanmi Adilt (ki pa gen timoun ki gen mwens pase 21 lane)

Sant Admisyon Fanmi Adilt la (Adult Family Intake Center, AFIC)
400-430 Easth 30th Street (nan kwen 1st Avenue)
New York, NY 10016

Fanmi ki genyen timoun ki poko gen 21 lane, fanm ansent oswa fanmi ki gen fanm ansent

Biwo Asistans Prevansyon ak Biwo Lojman Tanporè (Prevention Assistance and Temporary Housing, PATH)]
151 East 151st Street
Bronx, NY 10451
718-503-6400

Lòt Opsyon yo

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Aprann plis bagay sou diferan opsyon lojman nan DHS.

Rele 311

Mande enfòmasyon sou sèvis oswa direksyon lojman yo.

Last Updated April 18, 2024

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.