Sote kontni prensipal la

Kredi sou taks pou fanmi ki genyen timoun

Kredi taks timoun: (CTC) | NYC Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (NYC Department of Consumer and Worker Protection, DCWP), Sèvis revni entèn (Internal Revenue Service, IRS)

Apply now

Ki jan sa fonksyone

Si w ap leve timoun, ou ka rejwenn lajan ou lè w fè deklarasyon taks. Kredi Taks pou Timoun (CTC) se yon kredi federal, epi Kredi Taks pou Timoun nan Eta New York (Empire State Child Tax Credit) sòti nan eta New York.

  • Kredi Taks Federal pou Timoun vo $2,200 pou chak timoun ki kalifye ki gen ki piti pase 17 lane, epi jiska $1,700 ladan l ranbousab — sa vle di ou ka jwenn li menm si ou pa dwe taks.
  • Kredi Taks pou Timoun nan Eta New York vo $1,000 pou chak timoun ki gen pi piti pase kat lane, epi jiska $500 pou chak timoun ki gen kat rive 16 lane.
  • Ou dwe fè yon deklarasyon taks pou reklame kredi sa a – dat limit pou soumèt deklarasyon taks 2025 ou a se 15 avril 2026
  • Jwenn èd pou ranpli deklarasyon taks pou ane aktyèl la ak ane anvan yo avèk NYC Free Tax Prep
  • Se yon sèl paran ki ka reklame yon timoun pou Kredi Taks pou Timoun (ak deklarasyon taks yo)
  • Kredi a pa konte kòm revni epi li p ap afekte dwa w genyen pou resevwa asistans piblik

Kondisyon kalifikasyon

Pou reklame Kredi Taks Federal pou Timoun nan, ou bezwen satisfè tout kondisyon sa yo:

Estati Deklarasyon an Limit Revni Anyèl
Selibatè, chèf fwaye, oswa vèf/vèv ki kalifye Jiska $200,000
Marye Ki deklare taks ansanm Jiska $400,000

Ou dwe genyen:

  • Yon timoun, pitit mari/madanm, pitit pitit, timoun nan fanmi akèy, pitit adopte, frè oswa sè, nyès oswa neve ki gen pi piti pase 17 lane
  • Yon Nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa Nimewo Idantifikasyon Taks pou Adopsyon (ATIN) pou tèt ou ak depandan ou yo
  • Te viv ak depandan ou yo plis pase mwatye ane a Ozetazini
  • Ou reklame depandan an sou deklarasyon taks ou (dependan an pa dwe peye plis pase mwatye nan pwòp depans li)

Enpòtan: Se sèlman yon sèl paran ki ka reklame yon timoun pou Kredi Taks pou Timoun nan (CTC). Si ou pataje gad timoun nan, pale ak lòt paran an sou kiyès ki pral reklame timoun nan pou evite pwoblèm lè w ap ranpli deklarasyon taks.

Kondisyon pou Kredi Taks pou Timoun nan Eta New York (Empire State Child Tax Credit)

Ou kalifye si ou se yon rezidan Eta New York pou tout ane a oswa si w marye ak yon rezidan, ou gen yon timoun ki kalifye, epi ou satisfè youn nan kondisyon sa yo:

  • Ou te reklame Kredi Taks Federal pou Timoun (CTC), oswa
  • Revni brit ajiste ou nan New York se $75,000 oswa pi piti (selibatè/chèf fwaye), $110,000 oswa pi piti (marye ki fè deklarasyon ansanm), oswa $55,000 oswa pi piti (marye ki fè deklarasyon separe)

Chak timoun ou mete sou reklamasyon ou dwe gen yon SSN valab oswa Nimewo Idantifikasyon Taks Endividyèl (ITIN).


Dokiman obligatwa

Ou pral bezwen kèk dokiman espesifik pou ranpli taks ou, tankou W-2, resi, ak ID.


Fason pou aplike

Aplike sou entènèt

Ou dwe ranpli deklarasyon taks federal ak taks Eta New York ou pou reklame kredi taks yo.

Si ou te touche $97,000 oswa pi piti avèk depandan ki kalifye, oswa $68,000 oswa pi piti san depandan, ou ka ranpli deklarasyon taks ou gratis avèk NYC Free Tax Prep epi kenbe tout ranbousman ou. Pou jwenn plis enfòmasyon, ale sou sitwèb nyc.gov/taxprep oswa rele 311 epi mande pou asistans pou preparasyon taks.

Aplike pa lapòs

Si w ap voye deklarasyon taks ou pa lapòs, ranpli Fòm 1040 epi Orè 8812.


Jwenn èd

Vizite nyc.gov/taxprep

Aprann plis sou sèvis pou ranpli taks gratis nan NYC, enkli kesyon yo poze souvan sou kredi taks yo.

Rele 311

Epi mande èd pou prepare taks ou.

Rele 800-906-9887 pou konnen ki kote ki gen yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) oswa Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (Tax Counseling for the Elderly, TCE) ki toupre ou.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated March 24, 2026

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.