1. Kijan li mache
EITC kapab bay yon ranbousman taks jiska $8,682 (federal, eta, ak Minisipal mete ansanm). Kredi sa a se pou endividi ak koup k ap travay revni yo ba oswa mwayèn, sitou sa ki gen timoun yo. W ap reklame kredi a lè ou deklare taks ou yo.
- Deklare taks ou avan 15 avril 2019
- Pou w kalifye fòk ou gen yon revni ou fè nan travay pou yon moun oswa nan aktivite w ap opere oswa genyen pwòp biznis oswa fè ou, epi satisfè kondisyon debaz yo
- W ap bezwen deklare taks federal ak Eta New York yo pou reklame EITC
- Si ou kalifye pou EITC, Minisipalite vil la pral ede ou deklare taks ou yo gratis ak preparasyon Taks Gratis NYC a
- Si ou kalifye, gouvènman an ap voye ranbousman ou a pa lapòs oswa depoze li sou kont ou labank
- Si ou dwe gouvènman an lajan, sonje kapab genyen penalite pou moun ki deklare fòm yo anreta si yo deklare li apre 15 avril 2019
- Se jis 15 fevriye y ap distribye ranbousman pou moun ki reklame EITC yo
Pwochen seksyon:
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Pou w ka kalifye pou EITC, ou sipoze kapab reponn wi pou tout kesyon sa yo:
- Èske ou gen yon Nimewo Sekirite Sosyal ki valid?
- Èske w ap deklare yon ranbousman taks ane sa a?
- Èske ou te fè pi piti pase $3,550 nan envestisman ane sa a?
- Si ou gen nenpòt timoun ki kalifye, èske ou gen ant 25 ak 65 an?
EITC gade revni ou te fè ane pase tou pou detèmine si ou kalifye. Ou kapab itilize ACCESS NYC pou reponn kèk kesyon pou wè si ou kapab kalifye.
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Li enpòtan pou ou mete bon dokiman yo lè w ap aplike. Dokiman yo montre si pwogram yo apwopriye pou ou ou pa.
Paj sa a kapab ede ou chwazi dokiman ki apwopriye pou aplikasyon ou a.
Si w vle resevwa ranbousman w lan atravè depo dirèk, wap bezwen gen enfòmasyon labank ou (chèk ki anile, ak/oswa fich depo pou kont depay). Se pou w pote yon kopi deklarasyon taks pou dènye ane a, si li disponib. Dokiman sou revni ki liste yo nesesè pou deklare taks ou.
Prèv kiyès ou ye
kache lis sa a montre lis sa aPrèv sou Revni Tout Moun nan Kay la touche
kache lis sa a montre lis sa aPwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike sou entènèt
kache lis sa a montre lis sa aAplike fas a fas
kache lis sa a montre lis sa a
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.