Pou w kapab kalifye nan Train & Earn, fòk ou kapab reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske w se yon rezidan Vil Nouyòk?
- Èske w gen 16 rive 24 lane?
- Èske w p ap travay?
- Èske w enskri nan sèvis rekritman an, si w se yon gason ki kalifye?
- Èske w pa al lekòl? (sa vle di si w pa gen yon diplòm etid segondè, oswa ou pa gen yon diplòm etid segondè ki koresponn ak sa)
- OSWA ou gen yon diplòm etid segondè oswa ki koresponn men w ap aprann Anglè oswa ou bezwen amelyore konpetans literè de baz yo
- Èske w reponn ak youn nan kondisyon sa yo?
- Ou menm oswa yon moun lakay ou gen lajan kach oswa Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (SNAP, Supplemental Nutrition Assistance Program (kat manje))
- Ou se yon jèn sanzabri oswa k ap kouri kite lakay li
- Ou se yon jèn yo te mete nan fanmi akèy oswa ou depase laj pou w rete nan fanmi akèy
- Ou annafè ak lajistis
- Ou gen yon andikap
- Ou ansent oswa ou se yon paran
- Ou gen yon revni ki ba epi ou bezwen plis èd pou w antre oswa konplete yon pwogram edikasyon, pou w jwenn oswa kenbe yon travay.
Fòk ou ka travay legalman Etazini pou yo peye w estaj.