Sote kontni prensipal la
Edikasyon

Fòmasyon pou travay ak travay pou jèn ki gen ti revni ki gen laj 16 rive 24 lane

Train & Earn (Fòmasyon & Genyen Yon Revni) | Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (Department of Youth and Community Development, DYCD)

1. Kijan li mache

Fòmasyon ak Genyen yon Revni (Train & Earn) se yon pwogram ki pa long pou jèn ki gen ti revni (16 rive 24 lane) ki p ap travay ni ki pa al lekòl yo. Fòmasyon ak Genyen yon Revni (Train & Earn) ede jèn yo amelyore kapasite yo genyen pou yo travay epi li ede yo jwenn yon travay ki pèmanan, epi li ede yo prepare HSE yo tou.

  • Pwogram Fòmasyon ak Genyen yon Revni (Train & Earn) nan ka ede ou jwenn:
    • yon travay pèmanan.
    • ekivalan Lekòl segondè (high school equivalency, HSE) si ou bezwen l.
    • edikasyon ak fòmasyon aprè lekòl segondè.
  • Ou ka enskri nenpòt lè pandan ane a.
  • Lè ou fini pwogram nan, ou ka jwenn sèvis aprè pandan apeprè 12 mwa.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou w kapab kalifye nan Train & Earn, fòk ou kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w se yon rezidan Vil Nouyòk?
  2. Èske w gen 16 rive 24 lane?
  3. Èske w p ap travay?
  4. Èske w enskri nan sèvis rekritman an, si w se yon gason ki kalifye?
  5. Èske w pa al lekòl? (sa vle di si w pa gen yon diplòm etid segondè, oswa ou pa gen yon diplòm etid segondè ki koresponn ak sa)
    • OSWA ou gen yon diplòm etid segondè oswa ki koresponn men w ap aprann Anglè oswa ou bezwen amelyore konpetans literè de baz yo
  6. Èske w reponn ak youn nan kondisyon sa yo?
    • Ou menm oswa yon moun lakay ou gen lajan kach oswa Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (SNAP, Supplemental Nutrition Assistance Program (kat manje))
    • Ou se yon jèn sanzabri oswa k ap kouri kite lakay li
    • Ou se yon jèn yo te mete nan fanmi akèy oswa ou depase laj pou w rete nan fanmi akèy
    • Ou annafè ak lajistis
    • Ou gen yon andikap
    • Ou ansent oswa ou se yon paran
    • Ou gen yon revni ki ba epi ou bezwen plis èd pou w antre oswa konplete yon pwogram edikasyon, pou w jwenn oswa kenbe yon travay.
Èske revni fanmi w egal oswa li pi ba pase montan yo bay nan tablo sa a?
.
Kantite moun ki nan kay la
Revni pa mwa Revni pa ane
1 $1,215 $14,580
2 $1,643 $19,720
3 $2,072 $24,860
4 $2,500 $30,000
5 $2,928 $35,140
6 $3,357 $40,280
7 $3,785 $45,420
8 $4,213 $50,560
Pou chak moun anplis ajoute $428 ajoute $5,140

Fòk ou ka travay legalman Etazini pou yo peye w estaj.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike sou entènèt

Jwenn yon pwogram sou sit entènèt DiscoverDYCD a lè w tape “Train & Earn” (Fòme tèt ou epi fè lajan) nan ti bwat “Program Search” (Rechèch Pwogram) nan. Kontakte yon pwogram ki tou pre w pou w aplike.

Jwenn yon pwogram

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Ale sou sit entènèt Depatman Lajenès ak Devlopman Kominotè (DYCD, Department of Youth and Community Development) pou plis enfòmasyon.

Rele Youth Connect (Koneksyon Jenès)

Rele 800-246-4646 si w gen kesyon sou pwogram sa a.

Last Updated October 10, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.