1. Kijan li mache
Avantaj Asistans pou Klimatizasyon an ede kay ki kalifye yo achte ak enstale yon klimatizè oswa vantilatè.
- Aplikasyon pou Asistans Klimatizasyon an Louvri 15 avril 2024.
- Aplikan ki kalifye yo ap resevwa avantaj Asistans pou Klimatizasyon yo sou baz moun ki vini anvan an, se li y ap sèvi anvan.
- Valè avantaj la se:
- jiska $800 pou yon fenèt, klimatizè ki ka deplase oswa vantilatè
- jiska $1,000 pou yon grenn mi ki tou fèt
- Avantaj la kouvri:
- depans pou klimatizè oswa vantilatè a
- depans administratif
- travay
- pwogram èd
- materyèl
- retire nan ansyen aparèy ou a
- ti reparasyon ki bezwen fèt pou enstale nouvo aparèy la
Pwochen seksyon:
Fanmi
Fanm Ansent Ak Nouvo Paran Fanmi Granmoun Aje Kach ak Depans Moun andikape Rezidan NYCHA yo Veteran yoPlis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Ale sou sit entènèt la
Ale sou sitwèb NYS OTDA la pou ou kapab konnen plis toujou pou avantaj Èd pou Klimatizasyon an.
Rele 311
Mande èd pou Asistans pou Klimatizasyon.
Rele HEAP
Rele nan 718-557-1399 si ou genyen kesyon sou avantaj la.
2. Detèmine pou kisa ou kalifye
Ou kalifye si tout bagay sa yo mache pou ou:
- Ou kalifye pou HEAP oswa gentan gen avantaj HEAP yo.
- Moun lakay ou gen omwen youn (1) nan bagay sa yo:
- Omwen gen yon moun ki kondisyon medikal li koz li pa ka rete kote ki fè cho anpil anpil. Sa ki dwe verifye pa yon doktè, asistan doktè oswa yon enfimyè pratisyen
- Yon moun ki gen 60 oswa plis lane
- Timoun ki gen mwens pase 6 lane
- Yon moun lakay ou a se yon sitwayen ameriken oubyen ta genyen yon estati imigran ki anfòm.
- Ou pa gen yon klimatizè ki ap mache oswa sa w genyen an gen omwen senk lane depi l ap fonksyone.
- Ou pat jwenn yon finansman pou klimatizè senk dènye ane ki sot pase yo.
- Youn nan sa yo:
- Ou ka resevwa avantaj SNAP, Asistans Tanporè (TA), oswa Yon Revni Postal Sekirite Siplemantè (SSI ki ap Viv pou kont li).
- W ap resevwa yon avantaj Regilye $21 ou plis nan pwogram ane aktyèl la epi ou ap viv nan yon lojman leta sibvansyone (tankou NYCHA oswa Seksyon 8) ak chofaj ki tou nan lwaye ou.
- Tout revni brit kay ou chak mwa egal oswa pi ba pase direktiv ki nan tablo sa a:
Kantite moun ki nan kay la | Revni Maksimòm pa Mwa Anvan Dediksyon pou 2024. |
1 | $3,035 |
2 | $3,970 |
3 | $4,904 |
4 | $5,838 |
5 | $6,772 |
6 | $7,706 |
7 | $7,881 |
8 | $8,056 |
9 | $8,231 |
10 | $8,407 |
11 | $8,582 |
12 | $8,890 |
13 | $9,532 |
Pou chak moun anplis | Ajoute $642 |
Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.
Èske mwen kalifye?Pwochen seksyon:
3. Sa ou bezwen mete
Paj sa a kapab ede ou chwazi bon dokiman yo pou ou fè demann ou an.
Prèv rezidans (kote ou ap viv)
Bay youn nan bagay ki vin apre yo:
- Resi aktyèl pou lwaye ki gen non ak adrès lokatè ak pwopriyetè a oswa kontra lwaye a ki gen non ak adrès
- Fakti dlo, dlo twou regou, oswa taks
- Kontra Asirans Pwopriyetè/Lokatè
- Fakti sèvis piblik
- Kanè/resi pou pèman ipotèk ki gen adrès
Prèv revni ou
Bay youn nan bagay ki vin apre yo:
- Fich pèman pou kat (4) semèn ki pi resan yo
- Dosye antrepriz pou twa (3) mwa ki pi resan yo Oswa deklarasyon taks federal ki depoze pou ane aktyèl la, san wete tout lòt kote ki aplikab yo si ou se yon travayè endepandan oswa ou ap resevwa revni pou lwaye
- Òdonans oswa chèk pou sipò timoun oswa pansyon alimantè/sipò pou mari oswa madanm
- Deklarasyon Enterè/Bank/Vèsman lajan oswa Taks
- Deklarasyon kolokatè/pansyonè
- Kopi lèt atribisyon oswa lèt ofisyèl pou bagay ki vin apre yo:
- Revni Sekirite Sosyal/Sekirite Siplemantè (SSI)
- Avantaj Veteran
- Pansyon
- Konpasasyon/Andikap Travayè
- Avantaj Asirans pou Chomaj
Prèv idantite
Bay youn nan bagay ki vin apre yo:
- Lisans Chofè
- Foto Idantite
- Paspò Ameriken oswa Sètifika Natiralizasyon
- Papye Adopsyon, Dosye Lopital oswa Doktè
- Dosye Lekòl
Oswa bay de (2) nan bagay ki vin apre yo:
- Sètifika Nesans oswa sètifika Batèm
- Kat Sekirite Sosyal ki valid
- Deklarasyon yon lòt moun
Prèv sekirite sosyal
Bay yon nimewo Sekirite Sosyal ki valid pou moun lakay ou ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal.
Prèv kondisyon medikal
Ou pa p bezwen bay dokiman medikal si gen yon moun nan kay la ki gen 60 lane oswa plis, oswa gen pi piti pase 6 lane.
Si ou gen yon moun lakay ou ki gen yon kondisyon medikal ki pi mal lè l fè cho, bay dokiman medikal ki montre aklè kondisyon medikal li. Dokiman an dwe:
- dwe alekri
- dwe siyen pa yon doktè, asistan doktè oswa yon enfimyè pratisyen
- dwe fèt nan 12 dènyè mwa ki sot pase yo.
- Dokiman ki gen plis pase 12 mwa yo kapab itil si yo gen enfòmasyon ki sifizan pou montre kondisyon medikal la grav anpil. Pa egzanp: Maladi Poumon ki Grav (COPD).
- Si ou gen difikilte pou w jwenn dokiman sa yo, ou ka temwanye gen yon moun lakay ou ki gen yon kondisyon medikal ki vin pi mal lè l fè cho anpil anpil.
Prèv resous ou
Pou chak resous pou chak moun ki gen resous la, nenpòt nan dokiman sa yo:
- Liv labank
- Etadkont labank
- Akò pou antèman
- Fotokopi aksyon, bon, tit plasman
- Dosye kredi inyon
- Tit pwopwiyete oswa Evalyasyon imobilye
- Bank oswa deklarasyon dividann
- Deklarasyon ki soti nan enstitisyon kote lajan yo depoze oswa jere
Prèv andikap ou
Pou chak moun ki gen yon andikap, nenpòt nan youn nan dokiman sa yo:
- Prèv sou Revni Sekirite Sosyal pou Moun ki Enfim (Social Security Disability) oswa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income: SSI)
Pwochen seksyon:
4. Kijan pou ou aplike
Men opsyon ou yo:
Aplike sou entènèt
Aplikasyon pou Asistans Klimatizasyon an Louvri 15 avril 2024.
- Aplike pou pwogram Èd Klimatizasyon an nan HEAP sou ACCESS HRA.
- Itilize aplikasyon mobil ACCESS HRA a ki disponib gratis sou iTunes Store (pou iPhones) oswa sou Google Play Store (pou telefòn Android) pou eskane dokiman ou yo.
- Ou kapab ale sou ACCESS HRA pou verifye nan ki nivo aplikasyon w lan ye.
Aplike pa lapòs
Aplikasyon pou Asistans Klimatizasyon an Louvri 15 avril 2024.
- Rele 718-557-1399 pou ka voye yon aplikasyon pou ou.
- Chwazi yon machann ki soti nan lis sa a (founisè Chofaj, Vantilasyon ak Klimatizè). Mete enfòmasyon yo nan aplikasyon ou an.
- Voye demann ou an pa lapòs nan:
New York City Home Energy Assistance Program (Pwogram Èd pou Enèji nan Kay nan Vil New York)
P.O. Box 1401, Church Street Station
New York, NY, 10008
Aplike pa telefòn
Rele 311. Mande èd nan Asistans pou Rete Fre a.
Aplike fas a fas
Aplikasyon pou Asistans Klimatizasyon an Louvri 15 avril 2024.
- Rele 718-557-1399 pou ka voye yon aplikasyon pou ou.
- Chwazi yon machann ki soti nan lis sa a (founisè Chofaj, Vantilasyon ak Klimatizè). Mete enfòmasyon yo nan aplikasyon ou an.
- Soumèt aplikasyon ou an nan biwo ki toupre w la.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.