Ki jan sa fonksyone
Benefis Èd pou Refwadisman an kouvri tout kòb pou yon èkondisyone oswa yon vantilatè pou chak kay, san wete enstalasyon, materyèl, travay, ak retire vye aparèy ou te genyen an.
Aplikasyon pou Pwogram Asistans Enèji pou Kay (Home Energy Assistance Program, HEAP) 2026 Asistans pou Refwadisman pandan Ete louvri kounye a.
- Jiska $800 pou yon èkondisyone ki nan fenèt, sa moun ka deplase, oswa yon vantilatè
- Jiska $1,000 pou yon aparèy èkondisyone ki deja nan miray la
- Benefis yo disponib pou premye moun ki vin mande yo – pa gen lòt benefis lajan kach HEAP ki disponib
Ou pa gen èkondisyone? Al pran fredi nan yon pak, bibliyotèk, mize, sant komèsyal, oswa nan yon sant pou refwadisman nan Vil Nouyòk (NYC cooling center). Ou kapab rele 311 tou pou w jwenn yon sant pou refwadisman ki toupre w.
Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a
Ale sou sitwèb NYS OTDA la pou ou kapab konnen plis toujou pou avantaj Èd pou Klimatizasyon an.
Rele nan 718-557-1399 si ou genyen kesyon sou avantaj la.
Kondisyon kalifikasyon
Ou ka kalifye nan youn nan de fason sa yo:
- Ranpli kondisyon limit kòb: Kantite kòb tout moun lakay ou touche ansanm nan yon mwa egal oswa pi ba pase limit la pou kantite moun k ap viv lakay ou (gade tablo ki anba a), oswa
- Resevwa lòt benefis: Ou resevwa youn nan benefis sa yo kounye a:
- Benefis SNAP (food stamps),
- Èd Lajan Kach
- Sekirite Sosyal Siplemantè Kòd A (SSI Living Alone),
- Yon Benefis HEAP Nòmal ki plis pase $21 pou ane pwogram sa a — oswa ki egal ak $21 si w ap viv nan kay gouvènman an ede w peye (tankou NYCHA oswa Section 8) kote chofaj la nan pri lwaye a
Ou menm oswa yon moun lakay ou dwe ranpli kondisyon sa yo tou:
- Gen yon pwoblèm sante yon doktè ekri ki vin pi mal ak gwo chalè, gen 60 an oswa plis, oswa gen mwens pase 6 an
- Se yon sitwayen ameriken oswa yon moun ki pa sitwayen men ki gen dwa (tankou moun ki gen Kat Vèt, refijye, moun ki mande azil, oswa moun ki sou libète pwovizwa)
- Pa gen yon èkondisyone k ap mache kounye a, oswa ou gen youn ki gen omwen senkan
- Ou pa t resevwa yon èkondisyone HEAP te peye nan senk dènye ane yo
| Kantite moun k ap viv nan kay la | Limit kòb maksimòm pou tout moun lakay ou nan ane 2026 |
| 1 | $3,473 |
| 2 | $4,542 |
| 3 | $5,611 |
| 4 | $6,680 |
| 5 | $7,749 |
| 6 | $8.818 |
| 7 | $9,018 |
| 8 | $9,218 |
| 9 | $9,419 |
| 10 | $9,619 |
| 11 | $9,820 |
| 12 | $10,020 |
| 13 | $10,221 |
| Chak moun anplis | +$687 |
Dokiman obligatwa
Paj sa a kapab ede ou chwazi bon dokiman yo pou ou fè demann ou an.
Bay youn nan bagay ki vin apre yo:
- Resi aktyèl pou lwaye ki gen non ak adrès lokatè ak pwopriyetè a oswa kontra lwaye a ki gen non ak adrès
- Fakti dlo, dlo twou regou, oswa taks
- Kontra Asirans Pwopriyetè/Lokatè
- Fakti sèvis piblik
- Kanè/resi pou pèman ipotèk ki gen adrès
Bay youn nan bagay ki vin apre yo:
- Fich pèman pou kat (4) semèn ki pi resan yo
- Dosye antrepriz pou twa (3) mwa ki pi resan yo Oswa deklarasyon taks federal ki depoze pou ane aktyèl la, san wete tout lòt kote ki aplikab yo si ou se yon travayè endepandan oswa ou ap resevwa revni pou lwaye
- Òdonans oswa chèk pou sipò timoun oswa pansyon alimantè/sipò pou mari oswa madanm
- Deklarasyon Enterè/Bank/Vèsman lajan oswa Taks
- Deklarasyon kolokatè/pansyonè
- Kopi lèt atribisyon oswa lèt ofisyèl pou bagay ki vin apre yo:
- Revni Sekirite Sosyal/Sekirite Siplemantè (SSI)
- Avantaj Veteran
- Pansyon
- Konpasasyon/Andikap Travayè
- Avantaj Asirans pou Chomaj
Bay youn nan bagay ki vin apre yo:
- Lisans Chofè
- Foto Idantite
- Paspò Ameriken oswa Sètifika Natiralizasyon
- Papye Adopsyon, Dosye Lopital oswa Doktè
- Dosye Lekòl
Oswa bay de (2) nan bagay ki vin apre yo:
- Sètifika Nesans oswa sètifika Batèm
- Kat Sekirite Sosyal ki valid
- Deklarasyon yon lòt moun
Bay yon nimewo Sekirite Sosyal ki valid pou moun lakay ou ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal.
Ou pa p bezwen bay dokiman medikal si gen yon moun nan kay la ki gen 60 lane oswa plis, oswa gen pi piti pase 6 lane.
Si ou gen yon moun lakay ou ki gen yon kondisyon medikal ki pi mal lè l fè cho, bay dokiman medikal ki montre aklè kondisyon medikal li. Dokiman an dwe:
- Alekri:
- Siyen pa yon doktè, asistan doktè, oswa yon enfimyè pratisyen
- Date nan 12 dènye mwa yo
- Dokiman ki pi gran pase 12 mwa yo ka itilize si yo montre ke kondisyon medikal la se yon kondisyon kwonik (pa egzanp Maladi Pilmonè Kwonik)
- Si w ap gen pwoblèm pou jwenn dokiman ki nesesè yo, ou ka ateste ke kay ou gen yon moun ki gen yon kondisyon medikal ki vin pi mal akòz chalè ekstrèm
Fason pou aplike
Aplike sou entènèt
Aplikasyon pou HEAP 2026 Asistans pou Refwadisman pandan Ete louvri
- Konekte oswa kreye yon kont sou ACCESS HRA
- Eskane dokiman w yo lè w sèvi ak aplikasyon mobil ACCESS HRA ki disponib gratis sou App Store oswa Google Play Store
- Verifye estati aplikasyon w la sou ACCESS HRA
Aplike pa telefòn
Rele 718-557-1399 pou plis enfòmasyon sou elijiblite, pwosesis aplikasyon an, ak dokimantasyon ki nesesè.
Aplike fas a fas
Aplikasyon yo louvri sou 15 avril 2025. Vizite yon biwo toupre ou.
Jwenn èd
Ale sou sitwèb NYS OTDA la pou ou kapab konnen plis toujou pou avantaj Èd pou Klimatizasyon an.
Rele nan 718-557-1399 si ou genyen kesyon sou avantaj la.
Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.
Depi ou bay adrès imèl ou ak nimewo telefòn ou, sa vle di ou dakò pou minisipalite Vil New York la kontakte ou konsènan rezilta evalyasyon pou asistans piblik ACCESS NYC a. Aktivite ou nan ACCESS NYC ap rete anonim, men si ou bay nimewo ou sa kapab idantifye ou ak devwale ou te itilize sitwèb la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan Minisipalite a kapab itilize enfòmasyon ou pataje ak ACCESS NYC, vizite Terms of Use for NYC.gov ak Privacy Policy for NYC.gov.
This site is protected by reCAPTCHA and the Google Privacy Policy and Terms of Service apply.
Last Updated May 12, 2026