Sote kontni prensipal la

Èd pou adilt ki an danje akoz abi, neglijans oswa eksplwatasyon

Sèvis Pwoteksyon Adilt (APS) | NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

How it works

APS ede adilt ki an danje akoz abi, neglijans oswa eksplwatasyon. Si ou menm oswa yon moun ou konnen bezwen èd, refere li bay APS lè w rele 718-557-1399.

  • Refere yon moun bay APS si li pa ka jwenn bagay debaz tankou manje, kay, oswa swen sante. Se kapab akoz:
    • abi – li ka fizik, vèbal, seksyèl, pwoblèm lajan, elatriye.
    • neglijans – neglijans pèsonèl, yon andikap, oswa mank swen nan men yon lòt moun.
    • eksplwatasyon finansyè – lè yon moun ap manipile lòt moun pou fè lajan oswa pou vòlè afè yo.
  • Nenpòt moun kapab refere yon adilt bay APS., san moun pa konn kiyès. Ou kapab refere tèt ou si w bezwen sa.
  • Asistan sosyal APS yo pral fè yon plan sipò pou ou ki kapab gen ladan:
    • vizite lakay ou pou evalye bezwen ou yo epi mennen envestigasyon sou rapò abi, neglijans, oswa eksplwatasyon
    • ede ou aplike pou asistans piblik yo
    • jwenn lòt kondisyon lojman
    • refere ou pou fè yon egzamen ak resevwa swen sikolojik ak/oswa medikal
    • refere w bay Lapolis New York (NYPD) ak Avoka Distri pou trete kesyon eksplwatasyon ak abi yo
    • mande tribinal yo ede w anpeche yo mete w deyò oswa ede w jere pwoblèm lajan ak pwoblèm nan kay.
    • sèvis gwo travay netwayaj
  • Rele 911 lè gen yon sitiyasyon ijans oswa kote gen vi ki menase kote yon moun bezwen èd prese prese.

Eligibility requirements

Pou kalifye pou APS, ou ta dwe kapab reponn wi pou kesyon annapre yo:

  • Èske w gen 18 lane oswa plis?
  • Èske ou gen yon andikap fizik oswa mantal?
  • Èske ou pa anmezi pou ou jere pwòp resous ou, antreprann aktivite ou gen pou fè chak jou yo, oswa pwoteje tèt ou kont sitiyasyon danjere san èd lòt moun?
  • Èske ou pa gen okenn lòt moun ki vle epi ki kapab ede ou yon fason responsab?

Get help

Vizite sit entènèt yo a

Aprann plis bagay sou APS nan HRA

Rele 311

Mande pou Sèvis Pwoteksyon pou Granmoun yo.

Rele 911

Si gen yon sitiyasyon ijans oswa yon sitiyasyon kote gen vi ki menase epi gen yon moun ki bezwen èd prese prese.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated February 6, 2023

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.