Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Blokaj pri lwaye pou moun ki gen andikap

Egzanpsyon nan Ogmantasyon Pri Lwaye pou Moun ki Gen Andikap (Disability Rent Increase Exemption, DRIE) (DRIE) | NYC Depatman Finans (NYC Department of Finance, DOF)

1. Kijan li mache

DRIE ede lokatè ki kalifye ki gen andikap yo rete nan lojman bon mache lè li bloke lwaye yo. Lokatè yo ka toujou kontinye peye sa yo t ap peye a menm si pwopriyetè a monte pri lwaye a. Yon kredi sou taks sou pwopriyetè peye pou diferans lan ant pri lwaye aktyèl la ak pri lwaye ki bloke a.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

Pou ou kapab elijib pou DRIE, ou dwe ka reponn ““wi” ak tout kesyon sa yo:

  1. Èske ou gen 18 lane oswa plis?
  2. Èske non w nan kontra lwaye a?
  3. Èske si w pran tout revni moun lakay ou ap rantre pa ane w ap jwenn $50,000 oswa mwens?
  4. Èske w depanse plis pase yon ka nan revni mansyèl ou nan lwaye?
  5. Èske w ap viv nan vil New York nan youn nan kalite lojman sa yo?
    • apatman pri lwaye a estabilize
    • apatman pri lwaye a limite pa gouvènman
    • yon devlopman Mitchell-Lama
    • devlopman yon konpayi lojman kote Dividan yo Limite
    • renovasyon yon konpayi devlopman
    • yon fon devlopman pou konpayi lojman (Housing Development Fund Company, HDFC) devlopman kowoperativ
    • yon lojman kowoperativ ki soti nan Seksyon 213 la
    • otèl pri yo fikse pa gwoup moun k ap jere otèl ki soti nan komisyon lwaye a oswa chanm endividyèl
  6. Èske w gen revni ki soti nan avantaj sa yo?
    • Revni Sekirite Siplemantè (SSI)
    • Asirans Sekirite Sosyal pou Moun ki Gen Andikap (SSDI)
    • Pansyon pou andikap oswa konpansasyon nan Depatman Afè Veteran (Department of Veterans Affairs, VA) Etazini
    • Medicaid ki lye ak andikap si ou te benefisye SSI oswa SSDI avan sa.

Pran yon ti sondaj pou wè si ou kapab kalifye pou pwogram sa a oswa 30 lòt pwogram.

Èske mwen kalifye?

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike pa lapòs

Aplike pa telefòn

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Pou jwenn plis enfòmasyon anliy

Ale sou sit entènèt Pwogram pou Bloke Pri Lwaye an pou aprann plis.

Kontakte DRIE

Mande èd nan Depatman Finans lan.

Rele 311

Mande enfòmasyon sou DRIE.

Jwenn èd pou aplikasyon an

Rele 929-252-7242 pou w kapab jwenn èd pèsonalize pou aplikasyon DRIE a nan men yon espesyalis Inite Angajman Piblik NYC.

Rele DRIE lè w itilize TTY

Rele 212-639-9675 si ou gen difikilte pou tande.

Last Updated December 8, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.