Sote kontni prensipal la

Pake manje ki an sante pou granmoun ki aje

Pwogram Siplemantè Asistans Manje Komodite a (CSFP) | Depatman Sante Eta New York (NYS Department of Health, NYSDOH)

Ki jan sa fonksyone

Adilt ki gen 60 lane oswa plis elijib pou pakè manje chak mwa si yo touche pi ba pase yon sèten revni.

  • Ou ka pran yon pake manje chak mwa nan yon sant distribisyon CSFP. Pakè yo ka gen ladan fwomaj, lèt, diri, pasta, sereyal, legim an bwat, fwi, poul oswa pwason, ak lòt pwodwi.
  • Pandan sezon lete a, ou ka resevwa avantaj anplis pou achte fwi ak legim fre nan mache kiltivatè yo.
  • CSFP kapab konekte ou tou ak ajans swen sante ak sèvis sosyal.
  • Ou kapab jwenn CSFP menm si w ap resevwa avantaj Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè a (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP) (koupon pou achte manje) (food stamp).

Kondisyon kalifikasyon

Pou w ka kalifye, ou ta dwe kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske ou gen 60 lane oswa plis?
  2. Èske w se yon rezidan nan Eta New York?
    • Ou pa oblije yon sitwayen ameriken pou reseswa avantaj CSFP yo.
  3. Èske total kòb anvan taks kay la egal oswa pi piti pase egzijans CSFP ki pi ba yo?
Kantite moun k ap viv nan kay la Revni nan yon ane
1 $23,475
2 $31,725
3 $39,975
4 $48,225
5 $56,475
6 $64,725
7 $72,975
8 $81,225
Pou chak moun anplis, ajoute: $8,250

Kondisyon estati imigrasyon


Fason pou aplike

Aplike pa telefòn

Rele yon sit CSFP toupre w pou plis enfòmasyon sou fason pou w aplike.


Jwenn èd

Rele 311

Mande pou “Pwogram Pwodui Alimantè Siplemantè”.


Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.


Last Updated April 1, 2025

Rete enfòme osijè avantaj yo

Resevwa imèl detanzantan apwopo nouvèl sou avantaj yo, peryòd enskripsyon yo, ak dat limit yo. Gen tradiksyon disponib nan 11 lang.