Sote kontni prensipal la
Kach ak Depans

Èd ak lwaye pou fanmi ki gen timoun

Konpleman pou Fanmi Sanzabri ak Prevansyon Degèpisman (FHEPS) | NYC Depatman Sèvis pou Sanzabri (NYC Department of Homeless Services, DHS), NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

1. Kijan li mache

FHEPS peye kèk oswa tout lwaye pou fanmi yo ki te degèpi, ki fè fas ak degèpisman, oswa ki pèdi kay yo poutèt vyolans domestik. Fanmi yo dwe ap resevwa Asistans ak Lajan Kach (Cash Assistance, CA) pou yo ka elijib. Fanmi ki te pèdi kay yo poutèt pwoblèm sante oswa sekirite, oswa poutèt sèten desizyon tribinal ka elijib pou FHEPS tou.

  • Ou ka itilize Sipleman pou fè Prevansyon kont Pwoblèm Sanzabri ak Degèpisman Fanmilyal (Family Homelessness and Eviction Prevention Supplement, FHEPS) pou w ka rete lakay ou, deplase nan Vil New York, oswa soti nan abri si ou deja pèdi kay ou.
  • Ou dwe ka rete nan kay ou jwenn lan pou omwens 12 mwa.
  • FHEPS ap gen pou kouvri lwaye anpil fanmi antyèman ansanm ak alokasyon sou fòm Asistans Lajan Kach pou abri yo a.
    • Kantite lajan FHEPS ap peye depann sou revni kay ou a epi kantite moun ki nan kay ou a.
  • Ou ka oblije peye yon pati nan lwaye a si:
    • Si ou menm oswa yon moun ou pataje kay ou a avèl genyen yon revni
    • kay ou a genyen ladan li yon moun ki pa oblije sou dosye Asistans Lajan Kach ou a, tankou yon moun ki resevwa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income, SSI).
  • FHEPS ka ede w rete nan kay ou ye ladan l kounye a pandan l ap peye yon pati nan kòb lwaye ou gen reta sou li ou pa ko peye a.
  • FHEPS ap kanpe pèman an si nenpòt nan bagay sa yo rive:
    • Dosye Asistans Lajan Kach ou a fèmen.
    • Fanmi w pa gen timoun ki poko gen 18 lane ankò.
    • Fanmi ou pa gen yon timoun ki poko gen 19 lane ki se yon elèv a tanplen ki regilyèman ale lekòl segondè oswa nan yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl oswa teknik ankò.

2. Detèmine pou kisa ou kalifye

  1. Fanmi ou a dwe gen youn nan sa yo:
    • Timoun ki gen mwens pase 18 lane
    • Yon timoun ki poko gen 19 lane ki enskri a tanplen nan lekòl segondè oswa yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl oswa teknik
    • Yon fanm ansent
  2. Youn nan moun sa yo dwe aplike pou fanmi ou a tou:
  3. Fanmi ou dwe satisfè youn (1) nan kondisyon sa yo tou:
    • Ou nan abri HRA.
    • Ou nan abri DHS epi ou kalifye pou abri HRA.
    • Ou nan abri DHS epi yo te degèpi w* nan vil New York yon moman nan ane a, anvan ou te antre nan abri a.
    • Kounye a ou nan pwosesis pou yo degèpi w oswa yo te degèpi w* nan Vil New York nan 12 dènye mwa yo.

*Degèpi ka vle di:

  • Yon pwosedi degèpisman kont ou menm oswa moun ki sou kontra lokasyon nan kay ou a.
  • Yon aksyon pou sezi bilding oubyen kay ou a.
  • Yon ajans ki nan Vil la fè konnen ou dwe kite bilding ou an oswa kay ou a pou rezon sante oswa sekirite.
  • Yon pwopriyetè voye yon lèt avètisman ba ou epi li menase degèpi w poutèt ou pa peye lwaye a.

Pwochen seksyon:

3. Kouman pou aplike

3. Kijan pou ou aplike

Men opsyon ou yo:

Aplike fas a fas

  • Si ou pa nan yon abri epi ou riske degèpisman oubyen ou riske vin yon sanzabri, epi ou pa gen Asistans Lajan Kach, aplike pou Asistans Lajan Kach.
    • Pou w aplike anliy, vizite www.nyc.gov/accesshra oubyen itlize aplikasyon mobil ACCESS HRA a (ACCESS HRA mobile app) pou soumèt aplikasyon ou an.
    • Ou ka aplike tou pa lapòs oswa fas-a-fas nan. Vizite gid Asistans Lajan Kach la pou w ka aprann kijan pou w fè.
    • Rele Liy Enfòmasyon HRA a nan 718-557-1399 si ou gen yon pwoblèm medikal oswa yon pwoblèm sante mantal ki lakòz li difisil pou ou pou aplike pou Asistans Lajan Kach la.
  • Si w deja gen Asistans Lajan Kach la epi ou riske degèpisman oubyen ou riske vin yon sanzabri, mande yon sibvansyon espesyal pou ede w peye kòb lwaye ou gen reta sou li ou pa ko peye yo.
    • Pou aplike anliy, vizite www.nyc.gov/accesshra oubyen itilize aplikasyon mobil ACCESS HRA a pou soumèt aplikasyon ou a. Ou pa bezwen soumèt yon nouvo aplikasyon.
  • Si ou nan yon abri, espesyalis lojman abri ou a/manadjè dosye ou a pral eksplike FHEPS ak plis detay epi pral ede ou chèche yon apatman.
    • Fanmi ki nan abri ki apwouve pou FHEPS yo ka kalifye pou resevwa yon alokasyon pou mèb ak yon asistans pou yo demenaje.
    • Si w nan kominote a epi w bezwen pou FHEPS ede w demenaje, kontakte Founisè Lojman lokal ou a pou w pwograme yon randevou.

Retounen ladan pita.
Nou kapab voye yon lyen paj sa a pou ede ou retounen ladan lè ou pare.

Plis fason pou jwenn èd ak pwogram sa a

Ale sou sit entènèt la

Jwenn plis enfòmasyon sou FHEPS.

Rele 311

Si ou nan risk pou degèpisman oswa sanzabri, rele 311 epi mande enfòmasyon sou yon lokal Homebase ki pi pre adrès ou an, kisa pou w pote ak kisa pou w atann nan randevou w la.

Rele HRA

Fanmi ki kite yon abri HRA ta dwe rele HRA nan 929-221-7270 pou yo konekte ak pwogram kominote lokal yo pou moun ki pa gen rezidans.

Last Updated October 24, 2023

Stay updated on benefits

Get occasional emails about benefits news, upcoming enrollment periods, and deadlines. Translations are available in 11 languages.