71 pwogram pou ou gade.
Pa bliye nou pa kapab garanti w ap kalifye, men nou sèlman kapab rekòmande pwogram pou ou konsidere.
71 pwogram adisyonèl.
Sèvis preparasyon taks gratis
Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep)
Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022.
Jwenn plis enfòmasyon : Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep)
Ranbousman taks si ou te peye pou swen timoun ak depandan
Kredi Enpo pou responsablite timoun ak Depandan: (CDCC)
Kredi enpo si ou te peye yon moun pou pran swen pitit ou oswa yon moun ki sou responsablite ou pandan ou t ap travay oswa ou t ap chache travay.
Jwenn plis enfòmasyon : Kredi Enpo pou responsablite timoun ak Depandan:
Ekonomi sou taks pou travayè ak fanmi
Enpo Kredi nan Taks sou Revni ou Touche (EITC)
Kredi enpo jiska $11,000 pou travayè ak fanmi ki gen revni fèb ak modere yo, espesyalman sila yo ki gen timoun.
Jwenn plis enfòmasyon : Enpo Kredi nan Taks sou Revni ou Touche
Lajan pou depans chofaj ak sèvis piblik
Pwogram Èd pou Enèji nan Kay (HEAP)
HEAP ede moun nan fanmi ki elijib yo peye depans chofaj lakay yo.
Fòmasyon travay avanse ak travay pou jèn ki gen laj 16 rive 24 lane
Advance & Earn (Avanse & Genyen yon Revni)
Jèn yo ogmante kapasite yo ni nan lekti ni nan matematik pou yo kapab pase tès high school equivalency (ekivalans etid segondè) yo epi yo jwenn fòmasyon pou yo kapab travay, yo jwenn sètifika, epi yo jwenn internship (estaj) ki peye.
Jwenn plis enfòmasyon : Advance & Earn (Avanse & Genyen yon Revni)
Jwenn mesaj tèks ki di gen nouvo debouche
Pwogram Mesaj Tèks pou Travay (Text 2 Work)
Sèvis mesaj tèks ak plasman gratis pou moun ki ap chèche travay yo
Jwenn plis enfòmasyon : Pwogram Mesaj Tèks pou Travay (Text 2 Work)
Nouvo Rabè chak mwa sou sèvis entènèt
Pwogram Koneksyon Abòdab (Affordable Connectivity Program) (ACP)
Jwenn yon rabè chak mwa jiska $30 sou sèvis entènèt epi jiska $100 rabè pou yon laptòp, tablèt oswa òdinatè.
Jwenn plis enfòmasyon : Pwogram Koneksyon Abòdab (Affordable Connectivity Program)
Lis datant lojman abòdab yo
NYC Mitchell-Lama
Lokasyon ak koperativ pwopriyetè kay pou fanmi ki gen revni modere ak mwayen yo.
Prè ou p ap bezwen ranbouse pou peman inisyal ak depans fèmti yo
Asistans Peman Inisyal HomeFirst
Jiska $100,000 pou peman inisyal oswa frè fèmti pou yon kay.
Tiraj pou jwenn lojman bon mache
NYC Housing Connect
Yon pòtay anliy kote w kapab aplike pou lwe oswa achte yon apatman oswa yon kay bon mache.
Referans pou sèvis ak sipò alontèm
NYC NY Connects
Sèvis gratis pou ede granmoun ak moun ki andikape rete endepandan lakay yo ak nan kominote yo.
Resous pou aksè ak pwopriyete nan bon pri
Sant Pou Katye New York yo (Center For NYC Neighborhoods) (CNYCN)
Jwenn èd pou evite yo sezi kay ou a, jere kesyon reta nan peman ipotèk, fè prevansyon kont eskwokri, epi lòt bagay ankò.
Jwenn plis enfòmasyon : Sant Pou Katye New York yo (Center For NYC Neighborhoods)
Lajan Kach pandan yon ijans
Èd Ann Ijans/ Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwa (One Shot Deal)
Èd finansyè pou moun ki pa kapab fè yon depans akòz yon sitiyasyon oswa yon evènman enprevi.
Jwenn plis enfòmasyon : Èd Ann Ijans/ Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwa (One Shot Deal)
Nouvo Sèvis ak sipò pou jèn ki sanzbri yo
Sant Akèy pou Jèn moun ki Kite Kay yo ak Sanzabri yo
Jèn ki gen ant 14–24 lane ki sanzabri yo kapab resevwa èd ak referans pou jwenn yon chèltè an ijans.
Jwenn plis enfòmasyon : Sant Akèy pou Jèn moun ki Kite Kay yo ak Sanzabri yo
Jwenn yon pwogram gadri ki gen lisans
NYC Child Care Connect (NYC CCC)
Se yon resous sou entènèt ki la pou ede w rete enfòme de pwogram gadri yo nan kominote ou a.
Kay pou granmoun ki pa ka viv poukont yo
Kay Familyal pou Granmoun (FTHA)
Lojman sipò pou granmoun ki pa ka viv poukont yo akoz yo vin ti granmoun, akoz andikap nan devlopman yo genyen, oswa akoz sante fizik oswa sante mantal yo.
Konje yo peye pou moun nan ka pran swen fanmi li
Konje Familyal yo Peye nan Eta New York (PFL)
Jiska 12 semèn konje yo peye pou moun nan ka pran swen yon nouvo timoun, yon manm fanmi ki malad, epi pou lòt sitiyasyon.
Jwenn plis enfòmasyon : Konje Familyal yo Peye nan Eta New York
Edikasyon timoun piti gratis pou pitit paran-elèv yo
Living for the Young Family Through Education (Lavi pou Jèn Fanmi yo Atravè Edikasyon) (LYFE)
Paran-elèv yo ka jwenn edikasyon timoun piti gratis pou pitit yo ki gen 6 semèn pou rive 4 lane.
Èd ak lwaye pou fanmi ki gen timoun
Konpleman pou Fanmi Sanzabri ak Prevansyon Degèpisman (FHEPS)
Peye yon pati nan oswa tout lwaye a bay fanmi kalifye ki nan risk pou yo oswa degèpi yo, oswa k ap viv nan yon abri HRA.
Jwenn plis enfòmasyon : Konpleman pou Fanmi Sanzabri ak Prevansyon Degèpisman
Asirans kont Inondasyon
Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon (NFIP)
Yon asirans kont inondasyon kouvri domaj kay ou ak byen w sibi.
Jwenn plis enfòmasyon : Pwogram Nasyonal Asirans kont Inondasyon
Koupon pou ede kouvri frè sèvis gadri pou timoun ki gen 6 semèn jiska 13 lane yo.
Koupon pou Sèvis Gadri
Koupon pou Sèvis Gadri yo ede peye sèvis gadri lakay yon founisè kalifye oswa founisè enfòmèl tankou fanmi, vwazinaj, oswa zanmi.
Konsèy Finansye ak seyans Fòmasyon Gratis
NYC Sant Devlopman Finansye
Resevwa èd pou ranfòse konpetans pou ede ou jere lajan ou ak amelyore sante finansye ou.
Rabè sou sèvis telefòn oswa entènèt ou
Lifeline
Yon rabè chak mwa jiska $9.25 pou sèvis telefòn oswa entènèt ou pou fanmi ki elijib yo.
Lajan pou antèman moun maladi COVID-19 yo
Asistans Fineray COVID-19 la
Jiska $9 000 pou fè antèman chak moun ki mouri nan COVID-19.
Nouvo Konvèsasyon an anglè ak pwogram aprantisaj
We Speak NYC (WSNYC)
Kou gratis ak materyèl pou w ka familyarize w ak sèvis Vil la epi amelyore anglè ou.
Nouvo Èd jiridik gratis epi san danje pou imigran yo
ActionNYC
Jwenn èd jiridik pou imigrasyon gratis. Rankontre avèk yon avoka imigrasyon nan kominote w la sou opsyon ou yo.
Edikasyon preskolè pou timoun ki gen twa (3) lane
3-K
Yon edikasyon gratis, tout jounen epi bon kalite pou timoun ki gen 3 zan nan vil New York.
Aksè an swen sante gratis oswa pou yon ti kras kòb
NYC Care
Swen sante konplè pou tout rezidan Vil New York, kèlkeswa mwayen yo genyen pou peye oswa sitiyasyon yo ak imigrasyon.
Sèvis pou ede ou rete lakay ou epi evite w antre nan abri
Homebase
Si w gen risk pou w vin yon sanzabri, Homebase ofri sipò li pou ou pa ale nan abri epi pou w rete estab nan yon lojman.
Vwayaje pou mwatye pri
Fair Fares NYC (FFNYC)
Fè ekonomi 50% sou transpò piblik ki gen ladan pri tikè tren, kalifye pou pri tikè otobis yo, ak Aksè-Yon-kous vwayaj transpò adapte .
Èd finansye pou kouvri depans ak enstalasyon yon klimatizè oswa vantilatè
Avantaj Èd pou Klimatizasyon
Avantaj sa a ede achte ak enstale yon klimatizè oswa vantilatè pou lakay ou pou ka rete fre pandan chalè a.
Lajan pou achte manje
Supplemental Nutrition Assistance Program (SNAP)
Avantaj SNAP kapab ede ou bay fanmi w manje ki fre e ki bon pou lasante.
Jwenn plis enfòmasyon : Supplemental Nutrition Assistance Program
Sèvis Pansyon Alimantè Timoun
Biwo Sèvis pou Sipò Timoun (Office of Child Support Services) (OCSS)
Sipò finansye pou timoun yo ak sipò travay pou paran ki p ap viv avèk timoun yo.
Jwenn plis enfòmasyon : Biwo Sèvis pou Sipò Timoun (Office of Child Support Services)
Jwenn travay ki bon pou ou an
Sant Karyè Workforce1 (WF1CC)
Sèvis ki konekte e ede ou prepare ou pou travay nan vil Nouyòk.
Manje nan sant distribisyon manje ak kizin kominotè.
Community Food Connection (CFC)
Manje gratis nan sant distribisyon manje ak kizin kominotè.
Asistans ak lajan kach lè ou nan bezwen
Asistans ak Lajan Kach
Asistans ak lajan kach pou ede ou peye lwaye, sèvis piblik, ak lòt depans ijan.
Lojman piblik abòdab
Lojman Piblik
Lojman Abòdab pou rezidan New York revni yo ba ak mwayèn.
Sipò ak lojman pou veteran yo
Lojman Sipòte Zafè Veteran (HUD-VASH)
Ed pou veteran ak fanmi yo ki pa gen kay pou yo rete nan yon lojman pèmanan.
Fòmasyon pou travay ak travay pou jèn ki gen ti revni ki gen laj 16 rive 24 lane
Train & Earn (Fòmasyon & Genyen Yon Revni)
Fòmasyon pou travay, sèvis travay ak preparasyon pou ede w pase egzamen Diplòm Ekivalan Lekòl Segondè (High School Equivalency, HSE) ou. Disponib pou jèn ki pa ni ap travay ni al lekòl.
Jwenn plis enfòmasyon : Train & Earn (Fòmasyon & Genyen Yon Revni)
Asirans sante pou fanm ansent
Medicaid pou Fanm Ansent
Sèvis medikal ak swen prenatal konplè atravè Medicaid.
Asirans sante nan pri ki ba epi gratis
Èd pou Asirans Sante
Chèche jwenn èd pou ou konprann opsyon asirans sante ki abòdab pou ou a epi enskri nan yon plan.
Sèvis Konfidyansyèl pou planin familyal
Pwogram Avantaj Planifikasyon Familyal (FPBP)
Sèvis gratis e konfidansyèl pou planin familyal pou adolesan, fanm, ak gason yo.
Jwenn plis enfòmasyon : Pwogram Avantaj Planifikasyon Familyal
Pri lwaye estabilize pou granmoun ki nan laj
Egzanpsyon nan Ogmantasyon Pri Lwaye pou Granmoun Aje (Senior Citizen Rent Increase Exemption, SCRIE) (SCRIE)
Yon pwogram pou bloke pri lwaye pou ede granmoun 62 lane ak plis rete lakay yo.
Blokaj pri lwaye pou moun ki gen andikap
Egzanpsyon nan Ogmantasyon Pri Lwaye pou Moun ki Gen Andikap (Disability Rent Increase Exemption, DRIE) (DRIE)
Yon pwogram pou bloke pri lwaye pou ede Moun Vil New York ki elijib yo rete lakay yo
Swen adomisil alontèm
Pwogram Sèvis Swen Adomisil (Home Care Services Program) (HCSP)
Moun ki aje ak moun ki gen andikap kapab resevwa swen sante adomisil.
Jwenn plis enfòmasyon : Pwogram Sèvis Swen Adomisil (Home Care Services Program)
Alèjman taks sou pwopriyete pou pwopriyetè kay ki aje yo
Egzanpsyon Pwopriyetè Granmoun Aje (SCHE)
Granmoun aje yo kapab jwenn yon egzanpsyon pasyèl nan taks sou pwopriyete yo.
Yon soulajman taks sou pwopriyete pou Moun Vil New York ki andikape yo
Egzanpsyon Pwopriyetè Kay Andikape (DHE)
Pi piti taks sou pwopriyete pou pwopriyetè kay ki andikap
Sèvis pou moun ki gen VIH oswa SIDA
Administrasyon Sèvis VIH/SIDA (HASA)
HASA ede moun k ap viv ak VIH oswa SIDA yo jwenn swen sante ak lòt avantaj piblik.
Èd pou adilt ki an danje akoz abi, neglijans oswa eksplwatasyon
Sèvis Pwoteksyon Adilt (APS)
Refere yon moun bay APS si ou sispèk li an danje akoz abi, neglijans, oswa eksplwatasyon.
Èd pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay akvyolans ki baze sou sèks
Sant Jistis Familyal yo (FJCs)
Nou bay konsèy ak sèvis nan tout awondisman yo pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay ak vyolans ki baze sou sèks.
Transpò piblik pou andikape
Sèvis Transpò Adapte Access-A-Ride (AAR)
Transpò piblik aksesib pou andikape k ap vwayaje nan Vil New York
Pale, ekri mesaj, oubyen tchat pou w ka jwenn èd pou sante mantal
NYC 988
Sèvis sante mantal gratis ak prive nan konvèsasyon, tèks oswa tchat disponib nenpòt lè pou oumenm oswa yon moun ou gen sousi pou li.
Pake manje bon jan kalite pou granmoun aje yo
Pwogram Distribisyon Atik Alimantè Siplemantè (Commodity Supplemental Food Program, CSFP) (CSFP)
Pake manje pou moun ki gen 60 lane oswa plis ki gen ti revni.
Fòmasyon kwasans finansye pou rezidan NYCHA
Otonomi ak Estabilite Ekonomik Rezidan NYCHA (REES)
Travay, finans, ak pwogram fòmasyon biznis pou rezidan lojman piblik yo.
Jwenn plis enfòmasyon : Otonomi ak Estabilite Ekonomik Rezidan NYCHA
Bon ki peye yon pati nan lwaye ou
Pwogram Seksyon 8/Koupon Pou Chwazi Lojman (HCV)
Seksyon 8 la peye yon pati nan lwaye a pou fanmi ki gen revni ba ak modere ki vle lwe nan mache prive a.
Jwenn plis enfòmasyon : Pwogram Seksyon 8/Koupon Pou Chwazi Lojman
Peman pou granmoun ki kalifye ki pa p travay
Asirans Chomaj Eta New York (UI)
Asirans chomaj la bay travayè ki pèdi travay yo yon revni tanporè.
Sipò pou jèn moun ki andikape yo
Sant Enplikasyon Familyal pou Timoun ki nan Laj Lekòl ak Timoun Pitit (FACE)
Enfòmasyon ak resous pou jèn moun ki gen andikap (laj 0-21), fanmi yo, ak moun k ap bay yo swen.
Jwenn plis enfòmasyon : Sant Enplikasyon Familyal pou Timoun ki nan Laj Lekòl ak Timoun Pitit (FACE)
Alèjman taks sou pwopriyete pou veteran yo
Egzanpsyon Veteran
Rediksyon taks sou pwopriyete pou veteran ki kalifye ki te sèvi nan kèk konfli.
Redui taks sou pwopriyete pou pwopriyetè yo
Pwogram Diminisyon Taks Eskolè (STAR)
Pwopriyetè yo kapab jwenn egzanpsyon pasyèl pou taks sou pwopriyete eskolè.
Sipò pou paran ki vini premye fwa
Patenarya Enfimyè-Fanmi NYC (Nurse-Family Partnership) (NYC NFP)
Enfimyè yo bay sipò pou manman k ap gen premye tibebe yo pou yo kapab pi bon paran ki posib.
Jwenn plis enfòmasyon : Patenarya Enfimyè-Fanmi NYC (Nurse-Family Partnership)
Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane
Tibebe ak Timoun Piti
Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.
Manje ki bon pou lasante pou fanmi yo.
Pwogram Nitrisyon Siplemantè pou Fi, Tibebe ak Timoun (Special Supplemental Nutrition Program for Women, Infants, and Children, WIC) (WIC)
Manje ki bon pou lasante gratis, konsèy sou manje ki bon pou lasante, konsèy pou bay tete epi referans pou fanm, tibebe ak timoun ki gen mwens pase senk (5) lane.
Kredi sou taks pou fanmi ki genyen timoun
Kredi taks timoun: (CTC)
Pou ane taks 2022 a, fanmi yo kapab reklame kredi enpo jiska $2,000 pou chak depandan ki poko gen 17 tan.
Preskolè gratis pou timoun ki gen 4 tran.
Pre-K for All (Pre-K)
Enskri pitit ou nan yon pwogram preskolè gratis, bon kalite pou tout jounen.
Fè eksperyans travay ki peye nan sezon ete pou jèn
Pwogram Travay pou Jèn pandan sezon Ete (SYEP)
Jiska sis (6) semèn eksperyans ki peye pou jèn ki gen ant 14-24 lane.
Jwenn plis enfòmasyon : Pwogram Travay pou Jèn pandan sezon Ete
Swen ak Edikasyon pou timoun ki gen 3 a 4 lane ki nan fanmi ki gen ti mwayen ekonomik.
Head Start
Pwogram Head Start yo gratis epi yo fonksyone tout ane a pandan omwen 8 èdtan chak jou.
Preparasyon pou kolèj ak travay pou jèn ak granmoun ki nan lekòl segondè
Learn & Earn
Pwogram pandan tout ane a pou prepare pou kolèj ak travay elèv nan segondè ki riske abandone lekòl yo.
Fòmasyon travay ak travay pou granmoun
Pwogram Travay pou Granmoun
Pwogam gratis ki bay fòmasyon ak èd travay pou granmoun yo.
Yon Kat Idantite Vil la ki gratis ti cheri
IDNYC
Nan pifò ka tout rezidan New York ki gen 10 zan oswa plis ka itilize IDNYC kòm yon pyès ID ofisyèl.
Pwogram apre lekòl pou elèv yo
Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)
COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.
Jwenn plis enfòmasyon : Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC
Manje gratis pou Rezidan New York ki gen 18 lane oswa mwens pandan ete a
Repa Pandan Ete
Pandan ete a, jwenn manje maten oswa manje midi gratis nan lekòl yo, sant pisin kominotè yo, pak yo, ak nan kamyon restoran ki toupre lakay ou.